lunes, 26 de julio de 2010

DENGE: MEZI SIMP EPI KI PA CHḔ.

“AN NOU KOUPE ZḔL DENGE”: MEZI SIMP EPI KI PA CHḔ.

Ki sa ou dwe konnen sou Denge?

1.- Denge-a kapab touye.

2.- Sèlman mayigwen ki transmèt li.

3.- Mayigwen sa-a pa viv nan mòn, se nan kay, nan lakò, oubyen nan teren ke yo pa netwaye.

4.- Mayigwen sa-a sèlman repwodwi nan dlo pròp.

Kouman nou ka fè pou nou evite malad?

Touye mayigwen yo

Elimine bagay ki kreye yo.

Kouman nou ka fè?

Nenpòt ensèktisid ka touye mayigwen yo. Si nou vle itilize yo, nou dwe solisyone sa ki ka bay problèm sante ak ti moun nou yo, ak pèt domestik nou yo.

Nou ka elimine bagay ki kreye mayigwen yo nan yon fason radikal epi ki simp: Elimine tout depo ke nou sere dlo pròp.

• Dlo nou genyen ki nan flè yo nou dwe chanje li chak jou oubyen mete nan plas dlo-a sab mouye.
• Elimine nan lakò y oak nan teren abandone yo, tout dlo ki te rete nou bouchon boutèy yo, nan korodyou abandone yo, nan bagay ki vid, oubyen nan tou blòk bayè yo.
• Elimine dlo ki rete nan pwent flè yo.
• Elimine dlo ki nan bagay pou bèt domestik yo bwè.

Si ou bezwen sere dlo, ou dwe bouche bagay ou sere dlo yo tou tan epi mete Cloròx nan tout bagay la, pou li sou nivo dlo-a. (Wi madanm, Cloròx ke nou itilize pou pou lave ak netwaye-a).

Kouman nou ka evite ke mayigwen an pike nou?
Itilise nenpòt insèktisid;

Itilize rad ki ka proteje nou

Pandan nan nwit li bon pou no uta itilize Mouskitè.

Twa rekòmandasyon inpòtan:

1.- Si you moun lakay ou genyen fyèv cho ki reve pa sipriz, doulè nan tèt, doulè nan zye, san sendròm krip, mennen ni nan yon lopital oubyen nan yon klinik kote yo ka bali atansyon ke li merite epi fè sòti yon plakèt anti denge.

2.- Pa itilize aspiri-n pou fyèv, paske li ka angrave plakèt la.

3.- Denge-a, si yo pa pran swen ni a tan li ka touye.

SḔLMAN ENTEGRASYON AK MOBILIZASYON SEKTḔ POPILḔ YO KI KAPAB “ KOUPE ZḔL DENGE”

No hay comentarios.: